top of page

SIBVANCYON

MOVEMENT BUILDING 2025 IAN

KOUNYE A LOUVRI:

SIBVANCYON MOVEMENT BUILDING 2025 IAN

​​

Nou kontan anpil pou n anonse w Fon pou Fanm nan Boston (Boston Women’s Fund, BWF) ap rekonpanse twa (3) òganizasyon lokal fanm ap dirije, jèn fi yo ak moun ki pa idantifye sèks yo nan Sibvansyon pou pwogram Movement Building 2025 lan! 

 

Se yon sibvansyon yon ane ki pa limite a $25,000 pou n sipòte òganizasyon nan Greater Boston k ap travay nan kreye mouvman jistis pou imigran.

​

BWF ap kontinye diminye chay demann yo pou lidè lokal yo epi baze pito kandidati manm kominote a tankou ou menm! Sepandan, si w se yon lidè oswa manm yon òganizasyon ki enterese ak opòtinite finisman an, nou aksepte kandidati pèsonèl tou.

 

BWF ankouraje òganizasyon yo pou yo sèvi tout kominote imigran yo nan Greater Boston, pou yo chwazi tèt yo pou yon finisman. Sepandan, lè n konsidere atak nasyonal k ap fèt sou dwa ak diyite kominote Ayisyen yo ak Ispanik yo nan Etazini ak enpak li gen sou kominote lokal yo nan Greater Boston, BWF ankouraje òganizasyon yo anpil pou yo sipòte kominote Ayisyen yo ak Ispanik yo nan Greater Boston pou yo voye yon fòmilè kandidati.

​

​

Kalandriye

​​

  • 28 fevriye 2025: Kandidati yo fèmen

  • Mas - Me 2025: Komite k ap jere Fon an ap fè entèvyou ak benefisyè sibvansyon yo epi l ap chwazi yo

  • Jen 2025: Y ap enfòme patnè sibvansyon yo

 


Jistis Pou Imigran

​

Ane sa a, BWF ak Komite Alokasyon li yo pral bay priyorite òganizasyon k ap fè travay jistis imigran yo.​

 

​

 

​

​

BWF baze sou konpetans òganizasyon ki travay nan jistis pou imigran yo nan kominote yo epi sou yon pi gwo echèl. Kanpay Jistis nan Imigrasyon (Immigration Justice Campaign) gen objektif travay pou jistis pou imigran yo kòm "pwoteksyon ak revandikasyon dwa moun ak diyite imigran yo, moun ki deplase yo ak refijye yo epi lite kont enjistis nan sistèm imigrasyon an."

 

Epitou, BWF kwè travay jistis pou imigran yo gen ladan l, san yo pa limite ak

  • garanti pwoteksyon dwa moun pou fanmi yo ak manm kominote a

  • ranfòse pouvwa kominote lokal imigran yo ak refijye yo

  • travay pou yo frennen sistèm eksplwatasyon travayè refijye yo ak imigran yo

  • bay èd nan domèn legal, sosyal ak/oswa ekonomik pou imigran yo ak refijye yo

 

Kalifikasyon

 

Pou w kalifye pou sibvansyon Movement Building 2025 lan: 

​

  • Òganizasyon yo dwe gen yon estati ki pa mande pou l peye taks federal 501(c)(3) oswa yon ajan fiskal ki gen estati sa a.

  • Òganizasyon yo dwe gen yon bidjè fonksyònman jeneral ki pi piti oswa ki egal a $500,000.

  • Se fanm ki dwe ap dirije òganizasyon yo pou fanm, jèn fi ak/oswa kominote moun ki pa idantifye sèks yo.

  • Òganizasyon yo dwe lokalize nan Rejyon Greater Boston epi yo dwe ap sèvi l.

  • Konsèy Administrasyon òganizasyon an dwe gen pou piti 60% fanm, jèn fi ak/oswa moun ki pa idantifye sèks yo.

  • Direksyon òganizasyon an (konsèy administrasyon an ak pèsonèl la) ak moun k ap pran desizyon pou òganizasyon an oswa pwojè yo dwe refletete gwoup (ras, laj, klas sosyal ak/oswa oryantasyon seksyèl) ki plis touche yo nan travay yo.

  • Òganizasyon an dwe ap travay nan jistis pou imigran yo.

 

BWF bay òganizasyon lokal ki nan faz lansman yo priyorite pou sibvansyon Movement Building 2025 nou yo. Nou konsidere yon òganizasyon ki nan yon “faz lansman” kòm yon òganizasyon ki toujou nan pwosesis pou l etabli estrateji debaz li ak/oswa metòd estabilite l. Men kèk egzanp: 

  • Se yon òganizasyon ki gen yon fondatè ki idantifye yon bezwen nan kominote a epi ki gen kèk pwogram, men li jis kòmanse mete yon sistèm finisman sou pye.

  • Yon òganizasyon ki egziste depi kèk ane, men se prensipalman volontè ki fè l ap mache, epi li toujou sou wout pou l gen yon estrikti pèsonèl.

​

Menm si nou sipòte òganizasyon ki gen bidjè fonksyonman ki pi piti oswa ki egal a $500,000, ekpresyon “faz lansman” an pa gen rapò ak laj oswa sitiyasyon finansye òganizasyon an.

​​​

​

Aksesibilite​


Fòmilè kandidati yo disponib an Anglè, Espanyòl ak Kreyòl Ayisyen. Epitou, BWF ap fè yon kanpay sansibilizasyon nan plizyè lang sou rezo sosyal yo pandan pwosesis kandidati a, epi l ap travay ak manm Komite k ap jere Fon an nan plizyè lang ak entèprèt yo pandan pwosesis entèvyou a ak seleksyon an.

 

​​​​​​​​​​​​​​​​​​​

Soumèt Yon Nominasyon

bottom of page